Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Au ras des mots.

Délecter l'essence des idées.

ENPOTANS RAPÒ KOUDÈKONT(CSCCA) LAN POU PWOSÈ PETROCARIBE A!

Yon rapò odit ou ankèt, se yon rapò ki prepare sou baz anpil enfòmasyon ki gen prèv ak yon group Anketè ou oditè ki gen konpetans ak endepandans nan domènn lan avèk sipò kèk ekspè entènasyonal ki metrize sa yo rel odit. Rapò koudèkont lan gen anpil itilite ak enpòtans pou yo konmanse arete tout koupab e mete aksyon piblik an mouvman kont delenkan finansye yo. Jodi a sou baz rapò koudèkont lan, nou dwe pran devan pou’n di « Petrochallenger yo », se pa pwosè pou yo mande, se arestasyon moun non yo site epi mande ULCC ak UCREF al chache kote lajan fè, epi lajistis pou al chache prezime koupab yo.

Depi aprè piblikasyon rapò Koudèkont lan, sou jesyon lajan petrocaribe a, nou tande anpil pale, anpil reyasksyon kap fèt e moun kap bay opinyon sou rapò a. eske tout moun sa yo kap kòmante travay oditè koudèkont yo, konprann enpòtans yon « rapò odit ou odit espesifik » tankou rapò sou pwosè petrocaribe a. Objektif tèks sa se pou nou mete kèk presizyon sou sa yon rapò odit ye e montre enpòtans ou itilite rapò ankèt (odit espesifik) koudèkont(CSCCA) reyalize sou dosye petrocaribe a.

Kisa yon rapò odit ye ?

« Ankèt ou odit », se li ke nou rele yon ankèt envestigasyon an, ki reyalize avek yon group moun ki gen fòmasyon pou sa, ki gen bon jan konpetans ak endepandans , ki mezire tout sa k’ap di avèk anpil prèv. Sa tout moun dwe konnen «  yon anketè ou oditè koudèkont pa ka ekri yon enfòmasyon nan yon rapò san li pa gen okenn prèv  » ; tout sa li di sipoze gen byenfonde avèk anpil pyès jistifikatifif. Nan lang save yo, yo rele prèv sa yo « éléments probants » sa vle di se yon enfòmasyon ou pa ka refize, ki baze sou prèv ak analiz ak jijman pwofesyonèl oditè ou anketè yo.

Ankèt  ou odit  ka pran 2 fòm :
odit jeneral oubyen yon odit espesyal (audit spécifique),

Odit jeneral : se yon travay ki reyalize san pa gen yon pwen espesyal, sa vle di se yon travay ki fèt jeneralman nan yon enstitisyon swa se koudèkont ki deside al reyalizel jan lalwa bal dwa pou fè sa, oubyen se enstisyon an ki mande odit la. Travay sa ta dwe reyalize chak ane nan tout enstitisyon leta pou yo rann kont(reddition des comptes) sou itilizasyon resous ke yo tap itilize.

Odit espesyal(audit specifique) : se yon odit ou ankèt ki reyalize espesyalman sou yon bagay ki te genyen gwo pale sou li, objektif li se bay verite (confirmer) ou demanti (infirmer) tout afimasyon yo, sa vle di tout pale anpil, tout sa moun tap di san prèv. Nou ka pran kom ekzanp, pale anpil ki te genyen sou lajan petrocaribe, odit sa li al envestige ou aprofondi tout sa yo tap di kom pale anpil sou dosye a.

Jeneralman odit espesyal la ka  reyalize 2 fason :
Li ka pran fòm yon ankèt preliminè, sou baz tout sa ki tap di, sou demand yon otorite ki dilijante yon misyon pou al chache enfòmasyon pou pèmèt popilasyon an enfòme sou byenfonde swit ankèt la, Kom  Ekzanp" Rapport d’enquête senat" sou petrocaribe a, sou baz rapò sa lajistis pat ka arete pèsonn moun paske sena pat gen konpetans pou'l te bay verite ou demanti sa yo tap di nan dosye petrocaribe a.

Lòt fòm li ka pran ankò, se sa yo rele Ankèt envestigasyon an « enquȇte de police » kote se yon enstitisyon ki gen konpetans ki pral pote bon eleman enfòmasyon , sa vle di ki pral vin bay verite ou demanti tout sa yo tap di sou dosye a, “kom ekzanp odit Koudèkont reyalize sou zafè petrocaribea”. Depi enstitisyon ki gen konpetans nan domèn nan fini reyalize misyon li pou klarifye tout sa yo tap di, lajistis ka konmanse arete tout moun ke non yo site nan rapò a, mete yo dèyè bawo, aprè pou yo parèt devan jij yo.

Konpetans anketè ou oditè  ki fè rapò sa?

 nan Atik 28 dekrè 2005 sou fonksyonnman Koudèkont, li pale de yon estrikti de sipò (structure d’appui) ki se yon selil enstriksyon ak verifikasyon. 
Selil enstriksyon ak verifikasyon se yon group « Ankètè ou Oditè ou Kontrolè » ki gen konpetans ak endepandans pou reyalize yon ankèt ou misyon odit. Se moun sa yo ki responsab pou mennen ankèt oubyen sa nou rele nan domèn administrasyon odit la. Fòk nou presize tou, Anketè sa yo se sou baz egzamen yo rantre nan koudèkont. Anplis de sa, nan ankèt ki tap mennen sou lajan petwokaribe a, Koudèkont te gen sipò gwo ekspè entènasyonal nan domèn odit, sa vle di moun ki metrize sa yo rele odit. Kidonk tout sa ankètè yo di nan rapò sa gen prèv pou li. 

Ki enpotans odit espesyal sa?

• Nan tout peyi kote yap batay kont koripsyon,  Rapò koudèkont  lan se yo gwo zouti ki vin mete lapè, sou tout sa yo tap di, aprè rapò a fin pibliye, yo sipoze kòmanse arete tout moun ki gen men tranpe e ki gen non yo site nan dosye a ak tout prèv koudèkont e flanke yo dèyè bawo jiskaske yo parèt devan jij yo.

• Lòt bagay ankò, nan Rapò sa anketè koudèkont yo fè konnen gen anpil blanchiman, vol, sifaktirasyon, detounman, elatriye. Nan atik 32 dekrè ki kreye koudèkont lan, li di depi anketè yo revele gen vòl, frod ak blanchiman lajan, yap voye rapò sa bay enstitisyon ki gen  pou al chache volè yo, nan peyi d’Ayiti se UCREF ak ULCC ki responsab pou fè sa,..kidonk pandan moun non yo site nan dosye a nan prizon oubyen yo mete aksyon piblik an mouvman kont yo pou yo pa sove, enstititsyon nou sot site la yo ta sipoze al chache wout lajan, kote li kache nan ki bank yo metel, eske li la toujou. Epi lwa koudekont lan di tou depi jij yo finn chita sou baz rapò sa li ka bay arè debè dèyè delenkan finansye yo, yo ta dwe poze sele sou tout byen yo. Epi pa kite yo fè wonn pòt.

Nap fini pou nou ajoute, nan dosye koripsyon nan tout peyi, yo pa bezwen tann arè debè jij koudèkont yo pou lajistis kòmanse arete delenkan finansye, depi te gen pale anpil sou yon dosye epi te gen yon ankèt preliminè, epi ankèt espesyal la vinn bay verite pou klarifye sou tout pale anpil yo, lajistis ka kòmanse mare prezime koupab yo e kòmanse sezi byen yo, nou k pran ekzanp, Lula ak anpil lòt responsab nan kelke peyi ke yo te arete pou koripsyon

Kidonk rapò koudèkont lan gen anpil itilite ak enpotans pou yo kòmanse arete koupab yo e mete aksyon piblik an mouvman kont delenkan finansye sa yo. 
Jodi a sou baz rapò koudèkont lan, nou dwe pran devan pou’n di Petrochallenger yo, se pa pwosè pou yo mande, se arestasyon moun non yo site nan dosye a, epi mande ULCC ak UCREF al chache kote lajan fè ak lajistis pou al chache prezime koupab yo.

 

Pierre Motler St-Jacques
Spécialiste en audit et gouvernances gouvernementales
.

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article